Sote Nan Kontni
Kou

Homemaker Pou pwofesyonèl ki gen eksperyans yo

Oto aprantisaj

Enskri

Tout deskripsyon kou

 

Fòmasyon PHCAST pou menajè 

 

Kou sa a, ki fèt pou w pran nan pwòp vitès pa ou, prepare ou, pou w travay kòm yon menajè pwofesyonèl. Ou pral aprann teknik esansyèl, tankou fason pou w prepare w pou travak avèk nouvo konsomatè, aplike estrateji nan kominikasyon ki efikas, prepare manje an byen, ak konprann fason sistèm yo ki nan kò a fonksyone. Epitou, ou pral aprann fason pou byen bay swen ki santre sou moun, pandan w ap pran swen pwòp byennèt  pa ou ! Nan kou an, gen leson sou fòm videyo, gen aktivite pou fè tchèk sou konesans, ak evalyasyon. Lè w fini ak tout aktivite yo e evalyasyon modil yo, w ap resevwa yon Sètifika, ki di ou te pran fòmasyon an (an anglè : Certificate of Completion) 

Kou a òganize an onz modil :

 

Modil 1 : Byenveni e fason pou itilize kou sa a 

Modil 2 : Wòl ak responsablite yo  

Modil 3 : Kominikasyon 

Modil 4 : Kilti ak divèsite 

Modil 5 : Sipò nan swen sante 

Modil 6 : Nitrisyon 

Modil 7 : Fè menaj 

Modil 8 : Bezwen konsomatè a 

Modil 9 : Sekirite ak ijans 

Modil 10 : Dwa konsomatè a 

Modil 11 : Aptitid pou lavi 

 

Pou pwofesyonèl ki gen eksperyans yo : 

 

Kou sa a se pou pwofesyonèl ki te gen eksperyans anvan, kòm yon menajè, e ki ta renmen rafrechi, oswa devlope konpetans ak konesans yo. Ou ka fini tout onz modil yo, oswa chwazi sijè ki enterese ou yo, epi fini sèlman modil sa yo. Pou resevwa Sètifika ou te pran fòmasyon an, ou dwe fini tout onz modil yo, aktivite pou fè tchèk sou konesans yo, epi fè 80% oswa plis, nan evalyasyon alafen modil yo.  

Enskri nan kou sa a jodi a menm!

Enskri